Itilizatè:Masterches~htwikisource/Paj prensipal


Byenvini nan WikiSous Kreyòl Ayisyen ! WikiSource gen tèks nan lang kreyòl ayisyen.

N ap konte 12 paj nan sous sa a. KONTRIBIYE mezanmi !


Kategori yo
Divètisman
espòKizinjadinayjwèttouris
La
achitektiatizanakomikla vizyèlla sènMizik
kont kreyòlpweziPwovèbsinema
Matematik
aljèbanalizjewometrimatematik aplikeTeorèm Matematik
relijyon
ateyisboudisendouyisislamisjidayiskrisyanis
teyolojivodou
sosyete
antreprizanviwonmandefansekonomijesyonkilti
lalwanegòspolitikInivèsite Dayiti
syans imènEdikasyon
akeyolojiantwopolojiedikasyonetnolojifilozofiliterati
istwakominikasyonLengwistiksikolojiSosyoloji
syans natirèl
agrikiltiastwonomiByolojichimienèjifizik
jewografimedsin
syans ak teknoloji
ayerospasyalelektwonikendistrienfòmatikenjenieri
telekominikasyontranspò



Definisyon pou konnen

yon imaj

Matematik se syans ki ap etidye chif ak twouve enfomasyon itil nan chif sa a. Li baze letid li anlè lojik ak relasyon natirel ant objè yo.


Literati
seksyon1
  • ki bagay ?


seksyon2
  • poukisa ?
Seksyon3
  • Ann ale wi !


Men bagay yo
Ki seksyon l ye ?
branch matematik yo
Aljèb
branch matematik yo
Aljèb
branch matematik yo
Aljèb
branch matematik yo
Aljèb
branch matematik yo
Aljèb
branch matematik yo
Aljèb





Kout pwojektè

Sou ansèyman lasyans an kreyòl, an Ayiti

Dapre Pierre Michel Chéry Pòtoprens Ayiti (Port-au-Prince, Haiti)


An Ayiti, nan majorite lekòl segondè, se an kreyòl pwofesè ak elèv ap travay. Se nòmal, paske se lang sa a tou de patnè nan edikasyon sa yo metrize. Malerezman, sitou pou ansèyman disiplin syantifik yo, ansèyman an fèt nan yon anbyans voye monte, ki manke rigè ak egzaktitid lasyans egzije. Pifò pwofesè lekòl rekonèt lè yo pale an kreyòl, elèv yo konprann pi byen. Men pwofesè yo pa remake si chak pwofesè ap fè lide pa li pase jan li santi ki pi fasil la, epi se yon liv ki ekri an fransè pwofesè a ap eseye tradui dirèkteman devan elèv yo. Nan kondisyon sa yo, gen yon bann ak yon pakèt ti ansèyman separe ki pral jwenn elèv yo, ti pil pa ti pil. Sa lakoz kisa? Chak grenn pwofesè ap pale, ak elèv yo, ak yon jagon ki diferan, ak yon gramè pèsonèl yo, ki se melanj mikmak fanse kreyòl. Rezilta: Lang fransè a tounen sèl abit ant 2 elèv ki pa gen menm pwofesè syans, kominikasyon an difisil.

Enpòtans kreyòl pou devlopman lasyans ann Ayiti?

Nou ekri dokiman sa a pou nou ankouraje pwofesè lekòl yo travay an kreyòl, paske se mwayen ki pi rapid pou yon Ayisyen louvri chemen lakonesans bay lòt ti Ayisyen. Lòt rezon an regade disiplin syantifik yo espesyalman. Pou yon moun pratike disiplin syantifik, nan kèlkeswa nivo a, li bezwen tout resous materyèl ak entèlektyèl li ka jwenn anba men l. Li ka bezwen laboratwa pou li fè eksperyans, men li bezwen mwayen pou l reflechi, òganize panse k ap vin nan tèt li, chache kesyon pou l poze yo, konpare, sanble, analize, jeneralize, elatriye...

Kapasite entèlektyèl yon moun makonnen ak lang moun sa a pale byen. Tank yon moun konprann yon lang byen, se tank li ka sèvi avè l pou li aprann. Sa yo se verite edikatè ki serye p ap janm sispann repete. Tank yon fouyadò gen materyo anba men l, se tank li ka ale lwen. Nan ka Ayiti a, lekòl ap neglije pi gwo resous Ayisyen genyen pou yo aprann: lang kreyòl la. Menmsi anpil Ayisyen ale lekòl, nivo kiltirèl sosyete a toujou rete ba. Nivo kiltirèl sosyete a se mwayèn ta kantite ane Ayisyen pase lekòl. Rezilta pa mòso nan eleksyon 2006 yo pwouve atò moun ki fè inivèsite tankou jounalis, doktè enjenyè pa t ka konprann kisa [50% +1] te vle di. Nou ka konpare sitiyasyon sa a ak yon peyi tankou Japon, kote jounalis ka site yon fòmil chimik nan plas non komen yon pwodui, lè y ap bay enfòmasyon, e sa pa deranje pèsonn. Si moun ki pase lekòl yo te aprann fè matematik an kreyòl, yo pa t ap mele ak yon konsèp senp tankou pousantay, jouk pou yo ta pèdi nan 50% + 1. An konklizyon nou vle di, si moun k ap aprann an franse yo pa metrize lang franse a byen, y ap manke materyo pou yo ale lwen nan disiplin syantifik yo. Si moun k ap aprann franse pa konn kouman yo fè konparezon an fransè, oubyen si yo pa konnen kouman lang franse òganize lide, y ap kole nan wout. Pèsonn nan peyi a pa janm chache konnen ki rapò ki egziste ant ti ponyen save peyi a bay ak lang moun aprann nan peyi a.


Ansèyman syantifik gen egzijans pa l

Egzijans lasyans yo se sèl garanti pou laverite, se sèl garanti pou kominikasyon klè. Kote literati ka sèvi ak plizyè nivo langaj, divès kalite entèpretasyon, lasyans oblije sèvi ak yon sèl nivo langaj, pa ka gen 2 entèpretasyon pou yon sèl dokiman syantifik. Sa pa vle di pa ka gen divès pozisyon sou yon fenomèn, an règ jeneral se toujou ak moso laverite lasyans travay. Lasyans mande presizyon (kèlkeswa sikons­tans lan, konsèp yo pa gen dwa deparye ak sans yo anndan yon disiplin, pa ka gen de entèpretasyon pou yon sèl lide). Lasyans mande regilarite (nou pase nan menm kanal yo pou nou di menm lide yo). Lasyans mande inivèsalite, zouti yo, konsèp yo disponib pou tout moun ki vle.

Egzijans sa yo nou pa jwenn yo nan fason pwofesè yo ap fè ansèyman disiplin syantifik an kreyòl. Se pa fòt pwofesè yo, ki santi yo gen obligasyon pou yo chache fòm ki pi orijinal la pou transmèt konesans yo. Se fòt enstitisyon leta, ki reskonsab edikasyon yo, ki pa òganize transmisyon lakonesans an kreyòl pou li inivèsèl (yon sèl fason pou tout moun), presi (yon konsèp, anndan yon disiplin, pa ka kache de lide depaman), regilye (n ap jwenn menm òganizasyon lide yo nan kèlkeswa sikonstans la).

Pou inivèsalite

Si nou pran yon disiplin tankou fizik, pwofesè a gen yon liv an fransè nan men l, li pral eseye transmèt konesans la an kreyòl. Tèt chapit liv franse a se "Les Etats de la matière". Paske leta lage pwofesè yo pou yo degaje yo jan yo kapab, chak pwofesè pral entèprete sa li jwenn nan liv franse a, nan fason pa l.

Yon pwofesè ka di: Nou pral etidye: "Les Etats de la Matière". Yon lòt ka di: "Nou pral etidye Eta lamatyè". Epi nou ka jwenn: "Nou pral etidye Eta matyè yo".

Gen lòt pawòl ki ka sòti nan bouch pwofesè yo. Men sa nou gen tan remake: pwofesè yo ap lage elèv yo, ak yon seri mo diferan pou yon sèl reyalite 1) [Etats de la Matière] fransè a plake, 2) Eta Lamatyè 3) Eta matyè. Gen moun ki ka pran sa pou yon richès, men nesesite presizyon kominikasyon nan domèn syantifik mande pou tout moun sèvi ak menm konsèp yo. Konbyen moun nan peyi a ki ka imajine konbyen entèpretasyon diferan ki dèyè yon koze tankou "ti dife boule"1. Se pou rezon sa yo n ap mande pou pwofesè ak enstitisyon ki reskonsab ansèyman yo chita reflechi seryezman sou pwoblèm transmisyon lakonesans an kreyòl, pou elèv Ayisyen yo ka aprann pi vit, pou yo ka aprann ansanm, aprann san yo p ap fè jakorepèt.

Òganize ansèyman lasyans pou ti Ayisyen vle di elimine posiblite konfizyon sa yo, kote 2 mo tankou Eta ak (la)matyè pa gen menm siyifikasyon. Pou elèv yo depase konfizyon an ant divès entèpretasyon posib yo, yo oblije tounen nan liv franse mèt la.

Li pa obligatwa pou nou pase nan tradiksyon liv, men si sa fèt, tradiksyon liv syantifik yo ta dwe fèt yon fason pou yo respekte prensip inivèsalite, regilarite ak presizyon.

Egzanp posib:

Kilès nan 3 egzanp sa yo k ap rete? Se ekperimantasyon ak itilizasyon k ap di kilès nan 3 fòm yo pou pwofesè yo kenbe.

Egzanp eksperimantasyon lengwistik: Sou ki fòm/nan ki eta

…kon chanje fòm

Sou ki fòm nou jwenn lamatyè


Yon lamatyè solid ka tounen likid

Sou ki fòm nou jwenn matyè


yon matyè solid ka tounen likid

Sou ki fòm nou jwenn chòy


yon chòy solid ka tounen likid

Nan ki eta nou jwenn…


Chòy ka chanje eta

Nan ki fòm nou jwenn…


Lamatyè ka chanje fòm

B) 1) [lamatyè a se yon …] 2) [matyè a se yon …] 3) [chòy la se yon …]


Pou presizyon

Si nou pran 2 egzanp nan matematik modèn:

1) a ∈ B

2) A ⊂ B

de ekspresyon sa yo se egzanp nosyon ki ka pyeje pwofesè. Premye pyèj la se tantasyon pou pwofesè a sèvi dirèkteman ak fraz fransè li konnen an: a appartient à B, A inclus dans B. Dezyèm pyèj la se laparès, pwofesè a pa gen mo egzak yo: [a anndan B] [A anndan B], youn se yon eleman, lòt la se yon ansanm. Pwofesè a sèvi ak sa li jwenn, li pa ka fè diferans ant 2 nosyon, konfizyon al chita nan tèt elèv yo. Yon lòt pyèj sòti nan boukantay mo: jodi a, pwofesè a sèvi ak yon mo, demen li pral sèvi ak yon lòt, san nou pa bliye moun ki konprann pale kreyòl se fòlklò, pale kreyòl se fè chèlbè. Epi pi gwo pyèj la se lè chak pwofesè konprann yo ka envante pwòp mo pa yo pou yo kominike ak elèv yo. Prensip presizyon an egzije pou pwofesè yo fè diferans la sòti klè ant de reyalite yo, epi chak moun pa gen yon fason depaman pou li tradui yon reyalite syantifik. [a pou B] Eksperimantasyon lengwistik (san kòmantè) a ∈ B

A ⊂ B

1) a anndan B


1) A anndan B

2) a eleman B


2) A ansanm B

3) a eleman pou B


3) A ansanm pou B

4) a se yon eleman B


4) A yon ansanm pou B

5) a pitit B


5) A yon ti ansanm pou B

6) a kinan B


6) Kinan A nan B

Dezyèm egzanp eksperimantasyon lengwistik (san kòmantè) T = A ∪? B , T egal A Inyon B

T = A "?" B, T = A entè B

T = egal A plis B


T = A pa B *

T = oubyen A oubyen B


T = A alafwa A alafwa B

T = oubyen (A, B)


T = alafwa (A,B)

T = oubyen A, B


T = alafwa A, B

T = makonn A, B


T = kwazman A, B


Pou regilarite

Nan sèten liv matematik an kreyòl, nou jwenn nosyon dwat kouche, dwat kanpe.

Regilarite a ta vle di nan tout sik edikasyon anndan peyi a, nou pa p janm kwaze ak dwat orizontal ni dwat vètikal.

Si elèv yo gen yon moman yo pral mete lòt non sou konsèp yo, sa vle di sistèm nan pa regilye. Si nosyon yo pa regilye, yo pa ka inivèsèl.


Lang kreyòl gen egzijans pa l

Pou devlopman lide

Enfliyans lang fransè sou òganizasyon lide lakay moun ki pase lekòl anndan peyi a, se youn nan pi gwo difikilte ki sou wout pwofesè ayisyen yo. Katòz ane fòmasyon, ak liv an fransè, konpoze an fransè, aprann pakè, make fason sèten moun pwodui lide nan peyi a. Malerezman pou elèv yo, fòm pale sa yo plis sanble ak move fransè (fransè mawon) pase kreyòl. Konsekans: menmsi pretansyon pwofesè a se pale kreyòl, li pa rive transmèt sa li ta vle a bay elèv yo, akoz depèdisyon, akoz erè entèpre­tasyon. Anpil moun gen dwa obsève lè y ap reflechi, si se an kreyòl lide yo monte, osnon si se an franse. Egzanp nou ka pran, pou nou montre sa nou vle di a, se tèks final (script) ki vini dèyè sèten fim ayisyen an kreyòl. Anpil fwa nou wè moun ki fè fim nan plake yon chema fraz franse sou yon fraz kreyòl.

[Fim sa pwodui pa …]*

Kreyòl gen fason pa l pou li òganize lide Si nou pran egzanp kouman yo poze yon pwoblèm an franse oubyen an anglè, n ap remake kreyòl la pa ka plake sou modèl lang sa yo.

  1. fransè [Soit x]
  2. anglè [given x]

Nan ka lang fransè a, ni vèb la, ni tan pa gen korespondans an kreyòl. Nan ka anglè a, "given" se yon fòm pasif ki pa egziste an kreyòl. Si yon pwofesè al eseye tradui fòm sa yo, l ap foure tèt li nan yon enpas, apre l ap deklare kreyòl pa ka sèvi nan lasyans. Alòske atitid syantifik la, mande pou pwofesè a chache konprann kouman kreyòl poze pwoblèm pa l.

Diskou syantifik fèt ak pwonon enpèsonèl Kòman pou pwofesè yo respekte prensip sa a.

Nan egzanp [sou ki fòm nou jwenn lamatyè], nou sèvi ak pwonon [NOU], li enpòtan pou tout syantifik ak fouyadò, pwofesè ekriven reflechi sou fòm enpèsonèl ki pi adapte nan kreyòl pou diskou syantifik. [Sou ki fòm YO jwenn lamatyè] Eksperimantasyon lengwistik

Yo bay x Nou konnen x Annou di x Yo ban nou x

Yon lòt egzanp sou òganizasyon lide an kreyòl. An anglè yo di [Set theory], an fransé yo di [théorie des ensembles]. Nan egzanp nou te pran pi wo yo, nou sèvi ak mo [ansanm] nan dirèkteman. Ta gen dwa se pa sa yon lòt gwoup pwofesè chwazi fè. Men li enpòtan pou nou remake menm jan anglè a pa kopye fòm fransè a, ni fòm franse a pa kopye fòm angle a, se pou Ayisyen yo aprann lang yo byen pou yo pa kreye pyèj pou pwòp tèt yo. Eksperimantasyon lengwistik (san kòmantè)

Set theory (anglè), théorie des ensembles (fransè) Teyori dèzansanm Teyori ansanm Teyori sou ansanm (rekòmandasyon) Teyori sou makonn (rekòmandasyon) Ansanm teyori* Makonn teyori*

Nou pwofite raple moun ki enterese yo, kreyòl ayisyen louvri kesyonman jeneral li ak prepozisyon [sou]. Ekzanp: Sou kesyon lang nan - sou relasyon ant moun lavil ak moun andeyò - Sou teyori relativite – sou teyori sou ansanm, sou teyori ansanm * – sou teyori sou makonn – sou teyori makonn *.


Pou respè regleman lang nan

Pa gen fòm pasif nan kreyòl ayisyen Gen 3 fason pou moun make kantite:

   * fòm sengilye: yon ayisyen manje patat
   * fòm pilryèl: ayisyen yo manje patat la
   * fòm jeneral: ayisyen manje pat


Konklizyon

Nou p ap travay pou nou debloke yon sitiyasyon kote nou anbarase ak konsèp, n ap travay pou nou òganize yon modèl kominikasyon syantifik an kreyòl Ayisyen, ki inivèsèl (pou tout Ayisyen), tout Ayisyen depi li fè klas pou l fè a ka konprann; ki regilye, pa gen chanjman pou ti krik ti krak nan modèl la; ki presi, sa vle di pa gen konfizyon posib ant 2 fenomèn diferan, 2 konsèp diferan.

Nòt

  1. Rolph Trouillot, Ti dife boule sou istwa dayiti.






Lòt tip wiki yo